Nouvo tan san yo nap viv nan L'Arche

Nan dènye reyinyon Konsèy d'Administrasyon Entènasyonal la (CAI ), ki te fèt an mas nan vil Lviv-peyi Ikrèn, nou te gen privilèj wè ak je n nouvo tan sa yo ke nap viv nan lavi nou nan L'Arche, onivo kominotè, kiltirèl e politik.

(Ione Aparecida Xavier nan peyi Ikrèn)

Ione Xavier Aparecida, en UcraniaReyinyon an, youn nan pwen pwogram li, se te reflechi sou enpòtans pou n viv nouvo tan yo nan L'Arche, sitou konsènan nouvo estrikti yo. Vi kominotè nan nouvo kominote Lviv la te make nou, e nou te gen anpil chans paske dinamis enfatigab Zenia Kushpeta a, manm fondatè L'Arche an Ikrèn lan, te detenn sou nou. Li te prezante nou Miroslac, yon ansyen disidan, ki te pase anpil ane nan kanprizon Goulag la, yon pwofesè inivèsite e yon defansè dwa kretyen vivan. Li te pale enpe de istwa politik li, men sitou li te pataje sa Ikrenyen yo ap viv jounen jodia etan yap chèche yon vrè demokrasi.

Ak tout te gen yon fredi enkwayab nan vil sa a, nou te kapab palpe jan kominote sa a prezante yon nouvo pwopozisyon ki enteresan. Li pa gen fwaye, men kat atelye okipasyonèl kap travay an amoni avèk kominote Fwa e Limyè yo. Kominote sa yo deja aksepte kòm manm a l'esè Federasyon an. Nou te konstate se yon nouvo etap nan jan L'Arche la ap bay ouvèti a mod pwojè sa yo etan done reyalite yo diferan. Pèsonèlman m avwe, twouve m twouve m pou la premyè fwa nan yon peyi ki fèk endepandan, apre l te viv dèzane anba yon sistèm sosyalis, sa te pèmèt mwen mezire imènman e pwofondeman jan sosyete pa nou yo divize, men, an menm tan, ap lite pou yon vrè demokrasi. M panse se Bondye k te chwazi Lviv, atravè Zenia ak zanmi l yo, pou yo koumanse yon misyon trè espesyal ki kapab ede yo rachte diyite imèn yo kòm nasyon.

Se yon vrè kado pou n konnen L'Arche la, menm jan ak peyi Ikrèn, ap viv yon tan nouvo.

Ione Aparecida Xavier
Prezidant Konsèy d'Administrasyon Zalca
ioxavier@uol.com.br

Mwen renmen isit la paske nou tout egal

Map viv nan L'Arche Choculeta nan Ondiras depi 21nan. Yo rele m Santos, men tout non m se Santos Hermenegildo Osorto. Mwen fyè m kapab di m se fondatè L'Arche Choculeta.

Viv nan L'Arche te yon bon bagay pou mwen, paske map viv trankil, mwen apresye renmen ki gen ant tout moun, tandrès la, epitou moun yo sousye yo de mwen. Mwen renmen dèske nan L'Arche la nou tout egal. Pafwa nou konn gen kont, men sa pa dire lontan, epi nou mande padon. Yon bagay ki ta fè m plezi, se pou ta gen plis asistan nan L'Arche la, paske kounye a gen ti kras.

Map travay nan atelye L'Arche la, mwen fè hamak ki gen anpil koulè, mwen pase papye sable sou tab; yo peye m, men yon ti kras kòb.

M konn al travay deyò tou, nan San Jose Obrero, ke yo pè ap dirije, men m pa sonje non l; kote sa a, m travay jaden, mwen taye zèb, m ranmase fèy, yo peye m byen.

Ou konn sa m fè ak lajan m touche a? Mwen sere l pou m achte soulye, rad, kalson, epitou sa m renmen piplis, se achte Coco-Cola. M konnen koka pa bon pou la sante, men se pa fasil pou sispann. Paty di m mwen dwe sispann bwè l, men laverite sèke m pa ka rete san li fasil, men map eseye.

Lè m te piti, m te konn al nan yon lekòl kote m te aprann anpil devinèt. M pral rakonte kèk grenn, men fò w devine yo…

•  Kisa yon ankadreman ap di miray la? … Eskize m dèske m ba w do.

•  Kisa yon grennje di lòt la? … Nap viv tèlman pre, nou youn pa sa gade lòt.

Ou renmen yo? Ma rakonte w lòt ankò pita.

Santos Osorto
L'Arche Choculeta - Ondiras


Tina BovermannRankont mwen ak peyi meksik

Annik rive, dòmi epi n pati al dekouvri vil la, kapital peyi sa a kap akeyi m pou de mwa. Nan avion an, nou pat ka kwè sa n te wè a, yon vil ki si tèlman gran. Nan mitan foul moun yo, mwen menm ki se yon Ewopeyèn, m tap mande tèt mwen kote m ye la a? Sa a pa yon peyi soudevlope; ondirè pito se ta nan nò Amerik la [Ozetazi ] nou ye. Men vwala, gen yon gwoup endyen endijèn ki desann sot andeyò e kap domi nan lari. Bann polisye sa yo kap eseye dirije sikilasyon an, èske sa vrèman ajoute kichòy?

Avèk ti kras panyòl m ka pale a, m pran chèche yon adaptè pou plòg kodak mwen an, paske m te bliye pa m lan lakay. Gen plizyè magazen; m dekouvri yon pakèt moun sèvyab, bon jan, ki tou prèt pou ede m soti nan move pa sa a, epitou ki pa manke kirye pou konnen kote m soti.

Apre yon semenm, m ale Queretaro. Map apwoche m de kominote l'Arche la, men m poko al viv ladann; premyèman m ret fè yon imèsyon nan sant vil la, lakay zanmi yon zanmi m; sa tou, se yon bagay tipik. Bò isit la, se youn ede lòt, e moun yo pa pè, yo pa mefyan; yo fyè prezante peyi yo, vil yo! E se pa ti pasyan yo pasyan ak etranje sa a ki pa menm ka pale lang lan.

Alafendèfen, m rive nan kominote a. Li piti anpil, men se pa ti lavi l genyen. Yon grenn fwaye, yon grenn atelye, men relasyon fè mikalaw, zanmitay tou ak moun Santa Barbara, katye kote fwaye a ye a. M gen kèk difikilte pou m entegre m. Apèn si m konprann mwatye nan sa yap di m. Men Ivan, Jose, Moi, Anna-Laura ak Berthe ba m tan pou m rekonèt mwen, asistan yo tou. Nap suiv youn lòt, nap aprann konnen youn lòt, map suiv yon kou panyòl.

Fwaye a vin tounen kay mwen. Pitipiti map aprann konn peyi a, men sitou map aprann konnen zanmi yo. M konn chita sou plas channmas Queretaro a pou m gade moun kap pase. Yon kote tout moun konn rankontre, se devan legliz Santa Barbara a, apre lanmès, kote tout moun ap diskite, pale. Otobis yo, plas yo, lari yo, magazen yo, transfòme an teyat. A mezi panyòl mwen ap pi anfòm, se konsa tou m envite monte sou pis, e se sak fè, kòm mwen se yon Eropeyèn, blond zye ble, nan yon peyi ki gen yon pase kolonyal si fò, vrèman sa pa fasil.

Dèyè fasad kote yap montre yo se meksiken ki fyè de peyi yo, ki pare pou fè fas epi ri ak nou, ou kapab santi tras ak mak sa yo te viv anba okipasyon an, ansanm ak diferans yo fè antre yo paske yo pa gen menm orijin, keseswa espayòl ou lòt.

Nan sèl 2 grenn mwa, m te ka dekouvri annik yon ti pati nan gran mozayik sa a ki rele Meksik. Fòk nou tounen yon jou, pou peyi a, pou Ivan ak Bertha, pou Cris ak Rodrigo, pou Chavo ak Moi, pou Nancy ak Jose, pou Rafa ak Anna-Laura, Vero ak Kathy, ak anpil lòt.

Tina Bovermann

Responsab Kominikasyon nan Federasyon an.


Aprann atravè diferans

Mwen se yon doktè ki espesyalize nan tretman kansè pou timoun, e map travay pou leta. Sa fè m panse: lè w konte nan ki kondisyon difisil map travay, ak ti kraze kòb map touche, yon moun ta ka di m deja ranpli otomatikman pòsyon lacharite chak moun dwe akonpli. Men sa k enpòtan, sèke m vrèman renmen sa map fè a. Apa la medsin, m renmen li ak fè manje.

Se pandan m tap prepare yon dine pou kèk zanmi, sa gen 7tan, ke m te rankontre Ione, ki jodia se prezidant Zalca, e yon bon zanmi m. Yon jou, yon lòt zanmi te priye m fè yon repa pou L'Arche Brezil la, dekwa pou yo ranmase kòb, chèche plis kolaboratè, epi lanse kominote a. Gen yon moun ki te reyèlman kwè dine m lan te gen pouvwa fè tout bagay sa yo, e li te resi konvenk mwen. M te konsidere pwopozisyon an kòm irevokab, e m te mete m ala dispozisyon yo pou kantite fwa ki va nesesè. Men sèl bagay, m te poze yon kondisyon: Se pou m pa janm oblije vizite Kominote a. Yo te aksepte kondisyon an, dine yo te reyalize youn apre lòt, e se konsa anpil ane tap pase.

Jounen jodia, m twouve m Prezidan Konsèy d'Administrsyon L'Arche Brezil, e lè map gade jan m te rekalsitran okòmansman, m toujou ap mande m kisa k te pase konsa pou mòd kalite chanjman sa a: soti de yon moun ki tou monte kont bagay sa yo, entoleran, ki pa kab boule avèk defo moun, alevwa pwòp defo pa l, pou rive tounen yon lidè afeksyone e devwe. Soti depi moun ki pa kwè nan Bondye, san konviksyon, pou rive anmoure kap kwè tout bagay, pazapa m te avanse etan m tap trase yon nouvo fason pou ekziste, pou reflechi. Relijyon pou kont li pa ka esplike sa.

Lè w antre an kontak avèk yon moun ki pa pale, ou pafwa ki pa tande, andikap ki sanble fèmen moun sa a nan pwòp mond pa l, sa pa manke sekwa fason nou konsidere limit nou yo ak sa nou bay enpòtans. Se yon rankont ki te pwovoke sa k te rive m.

Se pat ti eksperyans estraòdinè, jou sa a kote m tap rantre soti nan youn nan fwaye L'Arche Sao Paulo, apre yon batay entèminab nan koridò biwo leta, nan yon tribinal familyal nan Lapa (yon katye Sao Paulo). M te pot laviktwa etan m te gen nan menm sètifika gadyen legal, e gras a papye sa yo, sa va penmèt nou fè fas a lòt batay ankò pou rive jwenn benefis sosyal pou 2 moun nou te akeyi.

Se te yon nuit ki te fè frèt, yo te limen yon boukan dife nan chemine a, m te fatige e m te rete ap gade dife a. Epi yon sèl kou m vin remake Tiago ak Anderson ki te vin plase yo a kote m, etan yo te annik kite blengbendeng kay la kontinye fè wout li, avèk asistan kap prepare dine, moun akeyi kap kouri pasipala, oubyen kap gade televizyon. Men nou menm, Tiago, Anderson ak mwen menm, nou te la ansanm, ap admire dife a.

E vwala se jisteman 2 moun sa yo mwen te fèk resevwa responsablite legal pou m gadyen yo. Yon santiman enesplikab te anvayi m; e yo te divine sa, wi yo te konn sa, e yo te la akote m, kòm pou di mèsi, kòm pou fè fèt avè m. Nan silans andikap yo, yo te konnen. Avèk kè m byen sere tankou sa pat janm rive depi byen lontan, avèk kè m tèlman ranpli, tèlman kontan, sa te sifi.

Jamè nan vi-m m-pat janm santi Bondye si prezan.

Rui Terency, Prezidant Konsèy d'Administrasyon
L'Arche Brezil

KOMINOTE L’ARCHE KI NAN KATALÒY, YON DEPATMAN PEYI ESPAY : LA RUCH AK “ELS AVETS

Sa gen 30 tan depi L’Arche te kòmanse an Espay, pi ekzakteman nan Katalòy, nan nòr-ès peyi a. Yon doktè ki te fin pran retrèt li, doktè Pujol, ansanm ak madanm li ak pitit gason li Joan, ki te mongolyen, te deside fòme yon kominote nan yon kay andeyò, nan ti bouk Tordera, e yo te deside akeyi moun ki gen andikap mantal, espesyalman sa ki te pi blese yo. Te gen anpil jenn ki te vin mete men. E se konsa kominote an te vin rele EL RUSC (ki vle di ruch [nich myèl] an katalan, lang yo pale nan zòn Katalòy lan). Depi okòmansman Doktè Pujol te an kontak avèk L’Arche la, epi kominote an te vin antre ofisyèlman nan federasyon an. Kèk ane apre, kominote an te resevwa yon kay an eritaj nan ti bouk Maia ki a 90 kilomèt de Tordera. Se te yon dam fransèz ki te konnen kominote L’Arche yo byen ki te fè kado kay sa a. Yo te deside louvri yon dezyèm kominote, e yo te ba l non Els Avets pou onore memwa 2 gran abe ki te prezide ouvèti prenmye fwaye a. Els Avets te selebre 25yèm anivèsè li ane pase.
Jounen jodia, La Ruche ap akeyi 17 moun nan 2 fwaye ak yon atelye. Els Avets akeyi 20 moun nan 2 fwaye ak yon atelye tou. Nan 2 atelye sa yo, yo travay pwodui atizanal tankou papye resikle, seramik, mozayik, zanno…e yo travay tou pou konpayi kap fabrike founiti lekòl.
Malgre jodia chak kominote kapab fonksyone apa pou kont li, an reyalite yo pataje yon long istwa ap fonksyone ansanm. Anfèt nou twouve n nan yon etap kote nap chache pou chak kominote gen pwòp vi pa l, men yon vi ki fonn tankou pwason nan bouyon nan tibouk ki akeyi l la, avèk anpil nouvo pwojè pou agrandisman ak entegrasyon.
Nou vrèman trè enterese pou n ta rive ini efò nou e mare amitye avèk kominote Amerik Latin yo, sitou paske, malgre gen yon gran distans ki separe nou, nou pataje menm lang, menm espirityalite e menm fason pou n viv avèk moun ki gen andikap mantal yo. Ti atik sa a, se yon temwayaj kap montre volonte n pou n devlope yon pi bèl relasyon, dekwa pou n kapab konnen kominote n yo pi byen, epi kreye yon amitye ansanm.

Pa: Roger Blázquez
Responsab kominikasyon. L’Arche Espay
comunicacio@ruscavets.org

Men yon bèl pawòl :

“Lè nou santi n frajil, se pa gwo diskou oswa gwo aksyon nou bezwen, se pito prezans yon moun ki vin kote n pou l tann nou lamen e kap di n: “M kontan m la avè w”. Konsan nou konnen gen moun ki renmen n, pa poutèt sa n kapab fè, men poutèt sa nou ye”.

Jean Vanier (yon ekstrè soti nan liv “Chak moun se yon istwa Sent”)